
Jwèt
Ki jan yo jwe deskripsyon
-
Bòlèt
Se jwèt ki pi popilè e ki pi ansyen, li pote menm non ak Biznis la: Bòlèt.
Pou'w jwe wap gen pou'w chwazi 1 nimewo 2 chif de 00 a 99. 3 Nimewo ap fè lo nan chak tiraj, sa k'ap ba'w 3 chans pou'w genyen nan yon sèl miz. Si'w jwe numewo '10' pou tiraj swa a, wap genyen si 10 fè lo nan 1e, 2èm oswa 3èm lo nan tiraj swa pou menm dat ou te jwe a. Si yon nimewo fé 2 ou 3 kabès, wap genyen pou chak lo separeman.
Ann pran egzanp kote lo ki sòti nan tiraj New York yo se:
Nimewo ki sòti: 122 55 10
« Numbers » 122
« Win4 » 5510
Premye Lo a genyen 50 fwa kòb ou parye a. (122 55 10)
Dezyèm Lo a genyen 20 fwa kòb ou parye a. (122 55 10)
Twazyèm Lo a genyen 10 fwa kòb ou parye a. (122 55 10)
-
Maryaj
Maryaj jan li rele a se yon jwèt ki pèmèt ou mize sou 2 boul Bòlèt ansanm, donk se yon jwèt 4 chif de 0000 a 9999, sa ki ba 3 chans pouw genyen.Pouw genyen fòk ou te jwe fè yon maryaj ki gen 2 boul ki fè lo ladanl. Kelkeswa pozisyon boul yo, wap genyen (1e + 2 èm lo, 1er + 3èm lo, 2èm + 3èm lo). Kelkeswa jan nimewo yo plase (11 par 22 = 22 par 11). Wap ka genyen 1000 fwa kòb ou jwe a.
Ann pran egzanp kote lo ki sòti nan tiraj New York yo se:Nimewo ki sòti 122 55 10
« Numbers » : 122
« Win4 » # : 5510
Premye lo a genyen 1000 fwa miz la. (122 55 10) (10 55)
Dezyèm lo a genyen 1000 fwa miz la. (122 55 10) (10 22)
Twazyèm Lo a genyen 1000 fois la mise. (122 55 10) (55 22)
-
Loto 3
Loto 3 Lesly Center a se yon jwèt ki senp e ki fasil kote ou ka chwazi yon nimewo 3 chif de '000' a '999', Si nimewo ou jwe a sòti nan tiraj lotri New York la, ou genyen 500 fwa kòb ou jwe a.
Ann pran egzanp kote lo ki sòti nan tiraj New York yo se:Nimewo ki Sòti: 122 55 10
« Numbers » :122
Pou'w genyen fòk ou te jwe # 122 (122 55 10)
-
Loto 4
Loto 4 se jwèt 4 chif de '0000' a '9999' li baze sou konbinezon Numbers ak Win4 Lotri New York la, Ou gen 3 Opsyon pou'w jwe. Ou ka genyen 5000 fwa miz ou jwe a pou Loto 4`.
Ou ka jwe nan 1, 2, 3 oubyen ou k jwe tou lè 3 opsyon yo, "full Option".
Ann pran egzanp kote lo ki sòti nan tiraj New York yo se:« Numbers » : 122
« Win 4 » # : 5510
Pou'w genyen nan Opsyon 1, fòk ou te jwe # 5510 (122 55 10)
Pou'w genyen nan Opsyon 2, fòk ou te jwe # 2255 (122 55 10)
Pou'w genyen nan Opsyon 3, fòk ou te jwe # 2210 (122 55 10)
-
Loto 5
Loto 5 se yon jwèt 5 chif de '00000' a '99999'
Menm jan ak Loto 4 la, Loto 5 lan baze sou konbinezon « Numbers » ak « Win 4 » lotri New York la. Li ofri 3 opsyon pou'w genyen, e ou ka genyen 25000 fwa kòb ou jwe a.
Kòman pou'w genyen:Ou ka jwe nan 1, 2, 3 oubyen ou k jwe tou lè 3 opsyon yo, "full Option"..
Ann pran egzanp kote lo ki sòti nan tiraj New York yo se:Numewo ki sòti: 122 55 10
« Numbers » : 122
« Win 4 » # : 5510
Pou'w genyen nan Opsyon 1, fòk ou te jwe # 12255 (122 55 10)
Pou'w genyen nan Opsyon 2, fòk ou te jwe # 12210 (122 55 10)
Pou'w genyen nan Opsyon 1, fòk ou te jwe # 25510 (122 55 10)